Li kòmanse ak yon ti espwa…
Ou leve bonè, ou santi w gen chans jodi a. Ou di tèt ou: “M’ap jwe yon ti 10 dola (250, 500, 1000 G) , petèt m’ap fè lajan…”Ou fè fich, ou suiv match la, wap refresh tanzantan…Men bagay yo pa pase jan ou te panse. Ou pèdi. Men ou pa vle kite la. Ou kwè ou ka rekipere
Apre sa ou double miz la…
Ou mete plis. Ou panse: “Se pa posib pou mwen pedi ankò.” Men aza pa gen pitye. W’ap kontinye pèdi.
Kounye a ou deja gaspiye 30, 40, 60 dola… Kè ou ap bat, wap strese, men ou di tèt ou toujou: “M’ap bon kanmèm, menm se lajan jounen an map sove…”
Ou gentan depase limit ou…
Ou fouye bous ou. Ou pran lajan ou te mete pou manje. Ou al nan savings ou, ou prete sou kat kredi.
Ou rele yon zanmi pou mande yon “ti 20 dola” prete, di wap remèt li pita… Ou pa menm gen plan pou remèt li, ou jis vle jwe ankò. Tout sa pou chase yon sansasyon ki deja disparèt.
Ou fini vid…
Soti nan 10 dola kote w tap teste chans ou pou jounen an, ou pèdi 200 +. Ou pa manje jounen an. Ou pa ka dòmi. Ou santi w koupab. Ou mande tèt ou: “Poukisa m fè sa ankò?” Men otomatikman ou gentan ap gade Match pou ka tire REVANJ…
❌ Men pa bliye aza pa bay chans. Li pran. Chak fwa.
Li pran lajan ou, li pran tèt ou, li pran lapè ou. Li fè w tounen esklav, ap viv jounen difisil pou ou ka kouri dèyè yon ilizyon.Men ou merite pi bon pase sa.
Se pa jwèt. Se lavi w.
Ou pa pou kont ou, ou ka sispann. Ou ka chanje istwa a. Konbyen jounen konsa aza fè w pase?
✍🏽 Ekri nan kòmantè a, oswa mete “M’ap chanje sa” si ou pare pou mete yon pwen final sou doulè sa yo. Mesaj map pataje yo VO anpil bagay, men domaj se apre 3,4,5,6 ane ou ka rive KONPRANN yo, men siw rive konprann li jodi a, mwen prè pou edew soti, kontakte m pou plis detay.

Ou lib pou pataje ekperyans ou nan jwèt aza ak mwen…map kontan koute w
Alright cobbers, cashhoardslot just gave me a big score. The interface is clean, too. Cheers m8! cashhoardslot