You are currently viewing 🧠💸 Ann gade ansanm poukisa lavi pi bèl san Aza.

🧠💸 Ann gade ansanm poukisa lavi pi bèl san Aza.

Hey guys, Se pa jwèt non Aza ye, men se lavi w.

Byen souvan lèw wè AZA, ou wè lajan rapid, lajan fasil, sa fè 2 pye w kite tè, Oulaaahhh 😁, ou gentan ap imajine jan w pral bèl, janw pral byen pase, jan tout pwoblèm ou pral rezoud. Men dèyè tout sak parèt twò fasil ou sipoze chèche konnen kisa ki kache. Men domaj, nou fonse tèt bese, san kontwòl, e plis jou ap pase, se plis nap retwouve nou anchene, se pou sa map pataje mesaj sa yo ak ou, ki ka libere w si vrèman ou deside, paske mfè eksperyans AVAN, PANDAN ak APRÈ aza, ebyen se 1000% map di w ke LAVI pi bèl san AZA.

Kijan sistèm lan pyeje w ❓

Li baw espwa… pou fè w pèdi tout bagay.

Mkonn anpil moun ki antre nan aza ak bon entansyon: regle dèt, ede fanmi, “eseye chans yo”. Men pi souvan, aza se tankou bwè dlo sale — plis ou bwè, plis ou swaf. Li ba w espwa, men li retire lajan w, tan w, diyite w, fè w mande prete tout moun, kite w ak dèt, DÈT + WOUTIN ke li vin kreye lakay ou a, se 2 prensipal rezon kifè w paka kite, li anchene w. E ou menm, ou vin pèdi tèt ou nan pwosesis la.

Mwen te la, mwen konprann.

Sa m ap di a pa sòti nan liv. Mwen menm tou, mwen te konn jwe, mwen te konn pèdi, mwen te konn FRISTRE. Jodi a, mwen pataje mesaj sa yo ak ou pou montre w gen yon lòt chemen. Lavi San Aza se pa yon jijman, se yon espas kote ou ka pale, aprann, grandi. Ou pa poukont ou nan batay sa.

Istwa w pa fini. Ou ka reekril.

Petèt aza vin pran anpil plas nan lavi w,ou vin pèdi konsantrasyon sou tout lòt aspè enpòtan nan viw, men ou gen plim nan men w jodi a. Chak ti chwa ou fè lwen aza a, se tankou w ap vire paj la pou kòmanse yon nouvo chapit. Chapit sa ka gen lapè, objektif, ak diyite. Epi wi, li ka gen rekonesans tou.

Kisa w ka fè jodi a?

Si ou santi w pèdi, kòmanse pa pale. Pale ak yon moun ou fè konfyans, li yon atik sou depandans, abòne ak bilten Lavi San Aza, oswa kontakte nou. Pa chache sòti nan aza an kachèt — limyè a pi pre pase ou panse. Ou merite plis pase chans, ou merite yon plan.

Viv reyelman, viv lib.

Lavi pi bèl san aza, paske se ou k ap mennen volan an. Ou leve chak jou san kè sere, ou pa kache fich paske w gen moun ou pa vle konnen si wap jwe, ou pa pè bil kat kredi. Se pa fasil, men li posib. E pi bon pati a? Ou pap janm poukont ou sou wout la. Nou la, epi nou kwè nan ou. Mesaj map pataje yo VO anpil bagay, men domaj se apre 3,4,5,6 ane ou ka rive KONPRANN yo, men siw rive konprann li jodi a, mwen prè pou edew soti, kontakte m pou plis detay.

 

guest
1 Comment
Oldest
Newest Most Voted
Inline Feedbacks
View all comments
link188betmoinhat
link188betmoinhat
22 days ago

Cần link 188bet mới nhất hả? Link188betmoinhat là chuẩn bài rồi! Chơi mượt mà, không lo bị chặn. Anh em vào chiến thôi! Check out link188betmoinhat