Konsènan mwen
Hey! Mwen se Sebastien Frederic, yon moun ki pasyone de eksèl (Excel) , Kontabilite, edikasyon, ak devlopman pèsonèl. Men plis pase sa – mwen se yon temwen vivan ki konnen kijan jwet aza ka detwi lavi, ak kijan ou ka repran kontwòl sou lavi ou.
Apre plizyè ane eksperyans pèsonèl ak difikilte finansye ak emosyonèl, mwen te pran desizyon pou m sispann jwe aza epi bati yon lavi ki gen sans. Jodi a, mwen itilize eksperyans sa pou edike, motive, epi gide lòt moun ki vle pran menm wout la.
Misyon mwen
Misyon mwen se ede ou:
- Mèt Excel pou amelyore kapasite ou nan travay, biznis, oubyen lavi chak jou
- Soti nan jwèt aza epi repran kontwòl sou finans ak lespri ou
- Viv otantikman nan yon mond kote teknoloji konn rale nou lwen tèt nou
Sa mwen fè
- Kou Excel (Debutan rive Avanse) sou YouTube ak lòt platfòm
- Coaching pèsonèl pou moun ki vle sispann jwe aza
- Podcast “Lavi San Aza” – kote nou pale ak imè, senserite, ak verite sou kijan aza kraze lavi, men espwa toujou la
- Ebook ak resous sou kijan pou dekonekte, reprann tèt ou, ak viv reyelman
Sebastien Frderic
Comptable | Microsoft Excel Expert | Gambling Recovery Coach
